APN Home Page

Haitian Harvest:

Each1 Helps1

Meet Mary Davis

Our Beliefs

Praying for Haiti

Texts Updates

An Album\2018

Latest Newsletter

Online Video-Part 1 192K DL

Online Video Part 2 229K DL

Seminar Notes English

Seminar Notes Creole

Contact/Donate To Us


ARCHIVED Info & Photo Albums

 

Seminar Notes in Creole

The Love of God to Change the World for His Glory: Live it! Tell it!

By Pastor Wilfrid Prince, Mrs. Mary Davis & Marco Voltaire



Lanmou Bondye pou Chanj Lemonn pou Glwa Li: liv Li! Di Li!

1. Lanmou Bondye a: nan Bib la nan Etènite pase:

Prensip 1. Nou kwè Bib se Pawòl ki enspire nan Bondye. Li san erè. Bib la se pi gwo konseye otorite pou lafwa e lavi. Moun ki rejete Bib la rejete Bondye. 2Tim 3:16 Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo sòti. Y'ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k'ap fè fòt, pou moutre yo ki jan pou yo viv byen devan Bondye V-17 Konsa, yon moun k'ap sèvi Bondye, li tou pare, li gen tou sa li bezwen pou l fè tou sa ki byen. . 2Pyè 1:19 Se poutèt sa, mwen pran pawòl pwofèt yo pou pawòl ki sèten nèt. Nou menm tou nou byen fèt lè nou pran pawòl sa yo ak gwo konsiderasyon, tankou yon lanp k'ap klere nan fènwa a jouk jou a va pwente, jouk zetwal ki klere chak maten an va leve nan kè nou. V-20 Men, anvan tout bagay, se pou nou konn sa byen: pèsonn pa gendwa pran mesay pwofèt ki ekri nan Liv la pou li ba li sansli vle.V-21 Paske, pwofèt yo pat janm bay mesay paske yo menm yo te vle. Okontrè, se Sentespri ki te pouse yo lè yo t'ap bay mesay ki sòti nan Bondye. . Matye 24:35 Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen p'ap janm pase. . Ezayi 40:8 Wi, zèb la cheche, flè a fennen, Men, pawòl Bondye nou an la pou tout tan!

Prensip 2. Nou kwè gen yon sèl Bondye, Li la pou tout tan, Li ka fè tout bagay, Li wè tout bagay e. Li tout kote an menm tan. Li te revele an twa pèsòn: Papa, Pitit la, e Sentespri a. Poutan Li yon sèl Dye an nati, an atribisyon an pouvwa e nan glwa. Bondye se lanmou epi lanmou sòti Bondye. Nan kreyasyon: Jenèz 1:1 Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a. V-2 ..Lespri Bondye t’ap plannen sou dlo ki te kouvri tout latè Jan 1:1 Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou. V-2 Pawòl la te la avèk Bondye depi nan konmansman. V-3 Se ak Pawòl la Bondye fè tout bagay. Nan tou sa ki te fèt, pat gen anyen ki te fèt san Pawòl la. V-4 Lavi, se nan Li sa te ye. Se lavi sa a ki te bay tout moun limyè. Jan 1:14 Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, Li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. Nou wè pouvwa Li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sèl Pitit Li a. . Nan Batèm: Matye 28:19 Ale fè disip pou Mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. Nan Benediksyon: 2Kor13:14 Se pou benediksyon Senyè Jezikri ban nou an, ak renmen Bondye gen pou nou an, ansanm ak pouvwa Sentespri k’ap fè nou viv ansanm lan toujou la ak nou tout. Yon Bondye: Mak 12:29 Jezi reponn li: Men kòmandman ki pi konsekan an: Koute, nou menm pèp Izrayèl: Mèt la, Bondye nou, se Li ki sèl Mèt la. . Tout Pouvwa: Danyèl 2:20 Li di: Benediksyon pou Bondye pou tout tan tout tan. Se Li ki gen tout konesans, se Li ki gen tout fòs.V-21 Li kontwole sezon yo ak lè pou chak bagay rive. Se Li ki desann wa yo, se Li ki moute wa yo. Se Li ki bay nèg save yo bon konprann ak nèg lespri yo konesans. Nan Glwa Li: Nonb 14:21 Men, jan ou wè Mwen vivan an, menm jan ou wè pouvwa Mwen toupatou sou latè. Rev 4:11 O Bondye, Mèt nou, Ou merite pou Ou resevwa lwanj, respè ak pouvwa. Se Ou menm ki fè tout bagay. Si yo la, si yo gen lavi, se paske Ou vle l. Bondye is Love: 1 Jan 4:7 Mezanmi se pou nou yonn renmen lòt paske renmen sòti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se Pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye.

.A. Lanmou Bondye avèk Jezi Kris nan Glwa e nan Lanmou in Etènite Pase: Jan 17:5 Kounyeya, Papa, ban Mwen bèl pouvwa devan je Ou, menm pouvwa Mwen te genyen lè M te avè Ou la depi anvan Ou te kreye tout bagay. V-24 Papa, se Ou ki te ban Mwen yo. Mwen ta vle pou yo toujou ave M kote M prale a, pou yo ka wè pouvwa Mwen, pouvwa Ou te ban Mwen an, paske Ou te renmen M depi lontan anvan Ou te kreye tout bagay.

Prensip 3. Nou kwè tout moun kreye selon imaj Bondye. Vi tout moun se yon bagay sakre. Jenèz 1:26 Bondye di ankò: Ann fè moun. N’ap fè l pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. L’a gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè yo, sou zwazo ki nan syèl la, sou tout bèt yo gade, sou tout latè, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki trennen sou vant sou tè a. V-27 Bondye kreye moun: Li fè L pòtre ak Li. Li kreye yo gason ak fi. . Jenèz 2:7 Lè sa a, Senyè a, Bondye a, pran pousyè tè, Li fè yon nonm. Li soufle nan twou nen nonm lan pou L ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan. . Ezayi 43:7 Se pèp Mwen yo ye. Se Mwen menm ki kreye yo pou yo ka sèvi yon lwanj pou Mwen. Se Mwen menm menm ki te fè yo. Se nan men Mwen yo sòti. . Lòm te peche e lòm ta pral konnen lanmò espirityèl ki se separasyon ak Bondye. Tout moun ne ak nati peche nan yo. Jen 2:16 Senyè a, Bondye a, bay nonm lan lòd sa a: ou mèt manje donn tout pyebwa ki nan jaden an V-17 Men, piga ou manje donn pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Paske, jou ou manje l, w’ap mouri. Jenèz 3:6 Fanm lan gade, li wè jan pyebwa a te bèl, jan fwi yo sanble yo ta bon nan bouch. Li santi li ta manje laden l pou je l ka louvri. Li keyi kèk fwi. Li manje, li pote bay mari l ki manje tou. Women 3:23 Tout moun fè peche. Yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a. Women 5:12 Se poutet yon sèl moun peche antre sou latè. Peche a louvri pòt pou lanmò. Se konsa lanmò vin pou tout moun, paske tout moun fè peche.

B. Lanmou Bondye nan plan Li pou limanite nan etènite pase: 1. Plan Bondye pou Jezi mouri kòm ranson pou peche kòm sakrifis pafè etènèl: . 1Pyè 1:18 Bondye wete nou nan lavi san sans nou te resevwa nan men zansèt nou yo. Nou konnen sa li te peye pou sa. Se pat avèk bagay ki ka pèdi valè yo tankou lajan ak lò. V-19 Men, se avèk gwo ofrann san Kris la ki te koule lè Li te ofri tèt Li tankou yon ti mouton san defo ni okenn enfimite. V-20 Bondye te chwazi pou sa depi anvan Li te kreye tout bagay. Men, se nan dènye tan sa yo Li vin paret pou byen nou. 2. Bondye te chwazi nou nan Li: . Efez 1:4 Byen lontan anvan Bondye te kreye lemonn, Li te chwazi nou nab Kris la pou nou te ka viv apa pou Li, pou n te san repwòch devan Li. Nan renmen Li renmen nou an. V-5 Bondye te deside depi davans pou L te adopte nou pou pitit Li nan Jezikri, paske sa te fè L plezi.Wom 8:29. 3. Plan Bondye nan etènite pase pou lavi etènèl: Tit 1:1 ..Se Bondye menm ki voye m pou m ede moun Li chwazi yo rive gen konfyans nan Li, pou m fè yo konnen, verite a jan n'ap viv li nan sèvis Bondye.V-2 pou yo ka gen espwa resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Bondye pa janm manti, Li te pwomèt lavi sa a depi lontan anvan Li te kreye tout bagay.

2. Lanmou Bondye nan Dispansasyon Yo e Kontra yo.

Dispansasyon: yon administrasyon anndan yon peryòd de tan ki baze sou yon tès kondisyonèl pou detèmine si moun yo pral fidèl avèk Bondye e nan kondisyon Li yo.

Kontra: Se yon akò etènèl ki te fèt pa Bondye avèk limanite kap revele ke Bondye pral fè pou moun yo, relye ak yon dispansasyon. Vyolasyon kontra rezilte nan jijman.

DISPANSASYON A - KREYASYON – LALWA . Wom 5:14 Men, sòti nan tan Adan rive nan tan Moyiz, lanmò te donminen sou tout moun, malgre yo pat fè peche tankou Adan ki te dezobeyi Bondye. Adan, se te pòtre moun ki te gen pou vini an.

. Kontra Edennik: Inosans: Jenèz 1:28-29; 2:15 Gras mache dwat: 2 Kor 5:21 Jenèz 1:28 Li ba yo benediksyon, Li di: Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou tè a. Donte tè a. Mwen ban nou pouvwa sou pwason ki nan lanmè, sou swazo ki nan syèl la, ak sou tout bèt vivan k'ap mache sou tè a. V-29 Bondye di: Gade. Mwen ban nou tout kalite plant ki bay grenn ak tout kalite pyebwa ki bay fwi ak grenn pou nou manje.2:15 Senyè a, Bondye a, pran nonm lan, Li mete l nan jaden Edenn lan pou l travay li, pou l pran swen l. peche-chase nan Edenn Jenèz 3:24

. Kontra Adanik: Konsyans: Jenèz 3:14-19 Konsyans san repwòch: Tra 24:16 Jenèz 3:14 Senyè a, Bondye a, di sèpan an konsa: Poutèt sa ou fè a, ou madichonnen nan mitan tout bèt jaden ak tout bèt nan bwa. W'a rale sou vant ou. W'a manje pousyè tè jouk jou ou mouri. V-15 (Jijman Bondye sou peche e promès yon Sovè) Ou menm ak fanm lan, m’ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit Li ap kraze tèt ou, epi ou menm w’ap mòde L nan talon pye L. V-16 Li di fanm lan: Lè w'ap fè pitit, m'ap fè soufrans ou vin pi rèd. W'a gen pou soufri anpil lè w'ap akouche. W'ap toujou anvi mari ou. Men, se mari ou ki va chèf ou. V-18 ( Li di Adan) Tè a va kale tout kalite pikan e pengwen ba ou. V-19 Se swe kouray ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè w'a tounen nan tè kote ou sòti a. . fè mechanste kontinyelman-inondasyon: Jenèz 6:5; 7:23

. .Kontra Noe: Gouvènman: Jenèz 9:1-4,6,11,13 Lanmou Bondye: Mat 22:37-40 Jenèz 9:1 Bondye beni Noe ak pitit li yo, Li di yo: V-2 Se pou tout zannimo sou latè, tout zwazo ki nan syèl la, tout bèt vivan ki sou latè, tout pwason ki nan lanmè bese tèt devan nou. Se pou yo pè nou. Mwen ban nou pouvwa sou yo tout. V-3 Kounyeya, nou gendwa manje tout kalite bèt vivan k'ap mache, tout kalite fèy vèt. Mwen ban nou tout pou manje. V-4 Tansèlman, se pa pou n manje vyann ak tout san ladan l, paske san yon bèt se nanm li. V-6 Si yon moun touye yon moun, yon lòt moun gen pou touye l tou, paske Bondye kreye moun pòtre ak Li, V-11 Wi, m'ap pase kontra Mwen ak nou: Mwen promèt pou M pa janm voye gwo inondasyon ankò pou detwi tout moun ak tout bèt vivan yo..V-13 M'ap mete lakansyèl Mwen nan syèl la. Men siy M'ap ban nou pou kontra Mwen pase ak latè a. Pa dispèsyon-Bondye konfonn lang Jenèz 11:7

. Kontra Abraram: Promes: Jenèz 12:1-3 Promès eritaj: Gal 3:29 Jenèz 12:1 Senyè a di Abram konsa: - Pati, kite peyi ou la. Kite tout fanmi ou. Kite kay papa ou, ale nan peyi M’a moutre ou la. V-2 M’ap ba ou anpil pitit pitit. Y’a tounen yon gwo nasyon. M’a beni ou. Y’a nonmen non ou toupatou. W’a sèvi yon benediksyon pou tout moun. V-3 M’ap voye benediksyon Mwen sou tout moun ki va mande benediksyon pou ou. Men, M’ap madichonnen tout moun ki va ba ou madichon. Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon. Promès eritaj:Abram-Izarak 26:2-5; Jakòb 28:13-14; 35:10-12; Jida 49:10 Moyiz Eg 6:4,8. Izrayèl nan lejip-kaptivite Egzòd 2:23

DISPANSASYON B: LA LWA PA MOYIZ Jan 1:17; Det 28:1-2; Wom 3:20. . Jan 1:17 Bondye fè Moyizban nou lalwa. Men, se Jezikri ki fè nou konnen renmen Bondye a ansanm ak verite a. . Detewonòm 28:1 Si nou koute Senyè a, Bondye nou an, si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, Senyè a va fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon ki sou latè. V-2 Wi, si nou koute Senyè a, Bondye nou an, men benediksyon l’ap vide sou nou: . Wom 3:20 Se pa paske yon moun fè sa lalwa a mande kifè li inonsan devan Bondye. Poukisa? Paske lalwa annik fè nou konnen sa nou fè a pa bon.

Lanmou Bondye fokis sou Izrayèl: Det 7:8-10; 10:12. . Det 7:8 Men, se paske Senyè a te renmen nou, epi Li te vle kenbe pwomès Li te fè zansèt nou yo. Se poutèt sa Li delivre nou avèk fòs ponyèt Li. Li fè nou sòti kite peyi Lejip kote nou te tounen esklav la. Li wete nou anba pouvwa farawon an. V-9 Se pou nou rekonèt Senyè a, Bondye nou an, Se sèl Bondye ki genyen, sèl Bondye k'ap toujou kenbe pawòl Li. Wi, l'ap toujou kenbe kontra Li pase a. L'ap toujou renmen moun ki renmen L, moun ki fè tou sa L mande yo fè, de pitit an pitit, pandan mil jenerasyon. V-10 Men, Li p'ap manke pini moun ki rayi L.. Det 10:12 Kounyeya, nou menm pèp Izrayèl, men sa Senyè a, Bondye nou an, mande nou: Se pou nou swiv chemen Li mete devan nou an. Se pou nou renmen L. Se pou nou sèvi L ak tout kè nou ak tout nanm nou.

Kontra Mozaik: Lalwa: Lalwa plen: Matye 5:17 Egzòd 19:4 Senyè a pale, Li voye di nou konsa: Nou wè sa Mwen te fè moun peyi Lejip yo. Nou wè ki jan Mwen te pote nou tankou malfini pote pitit li yo sou do Li, Mwen fè nou vin jwenn Mwen. V-5 Kounyeya menm, si nou koute sa Mwen di nou, si nou kenbe kontra Mwen an, se nou Menm M’ap chwazi pou moun pa m nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou Mwen, se vre. V-6 Men nou menm, n’ap vini yon nasyon moun k’ap sèvi M tankou prêt, yon pèp k’ap viv apa pou Mwen. Wi, se sa pou ou di moun Izrayèl yo. V-7 Moyiz ale, li fè sanble tout chèf fanmi pèp la, li rapòte yo tou sa Senyè a te ba li lòd di yo. V-8 Tout pèp la reponn ansanm, yo di: N’a fè tou sa Senyè a di nou fè. Apre sa, Moyiz al rapòte bay Senyè a repons pèp la. peche-lanmè de Kreyatè pa kreyasyon . Kontra Palestinyen: Detewonòm 30:1 M mete benediksyon ak madichon devan nou pou n chwazi. Lè tout bagay M te di nou yo va rive nou, si, antan n’ap viv nan mitan lòt nasyon nan peyi kote Senyè a te gaye nou yo, nou vin chonje sa M te di nou,V-2 si nou tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an, si nou koute L ak tout kè nou, ak tout nanm nou, nou menm ak tout pitit nou yo, jan M’ap ban nou lòd jòdi a, V-3 enben, sa a Senyè a Bondye nou an, va gen pitye pou nou. L’a mennen tout moun yo te depòte yo tounen lakay yo. L’a chanje sò nou. Li pral mache chache nou nan tout peyi kote Li te gaye nou yo, L’a sanble nou ankò. V-6 Senyè a, Bondye nou an, va mete mak kontra Li a sou kè nou ak sou kè pitit nou yo, pou nou ka renmen L ak tout kè nou, ak tout nanm nou, pou nou ka gen lavi.V-10 Men, n’a gen pou nou koute Senyè a, Bondye nou an, n’a gen pou nou kenbe tout kòmandman Li yo ak tout regleman Li yo, tou sa ki ekri nan liv lalwa a. wi, se pou nou tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou. Jer 32:41 M,a travay ak tout kè m ak tout nanm m pou yo pran rasin nèt nan peyi a.

. Kontra Davidik: Wayom: Wayòm etènèl: 2Pyè 1:11; 2Tim 4:18; Jak 2:15; Ebre 12:28. 2 Sam 7:12 ..M’ap pran yonn nan pitit ou yo, M’ap mete l wa nan plas ou. M’ap fè gouvènman l lan kanpe fèm. V-16 Ap toujou gen moun nan fanmi ou chita sou fòtèy la ap gouvènen apre ou, paske M’ap fè gouvènman fanmi ou lan kanpe fèm pou tout tan. Wayom-revolte-jijman:

. Nouvo Kontra: Gras: Retabli Relasyon avèk Bondye Rev 21:2,3,7 Jeremi 31:31 Senyè a di ankò: Lè a pral rive, Mwen pral pase yon lòt kontra avèk moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. V-32 Se p’ap tankou kontra Mwen te pase avèk zansèt yo a lè m te pran men yo pou M te fè yo sòti kite peyi Lejip. Atout se mwen ki te mèt yo, yo pat kenbe kontra Mwen an. Se Mwen menm Senyè a ki di sa! V-33 Men kontra Mwen pral pase ak pèp Izrayèl la. Se Senyè a menm ki di sa. Lè sa a, M’ap mete prensip Mwen yo anndan kè yo, M’ap make lòd Mwen yo nan lespri yo. M’a tounen Bondye pou yo, y’a tounen yon pèp pou Mwen. V-34 Pèsonn p’ap bezwen moutre lòt moun nan peyi a kouman pou yo chache konnen Senyè a, paske yo tout ap konnen M, depi sa ki pi piti a jouk sa ki pi gran an. Se Mwen menm Senyè a ki di sa. M’a padonnen sa yo fè ki mal, Mwen p’ap chonje peche yo ankò. Se Mwen menm Senyè a ki di sa. Ebre 8:13 Lè bondye di li pral fè yon lòt kontra, li fè premye kontra a pase mòd. Tou sa ki pase mòd, tou sa ki fin vye prèt pou disparèt. . Ebre 9:15 Se poutèt sa, Kris la se yon avoka ki tabli yon nouvo kontra ant Bondye ak lèzòm. Konsa, moun Bondye rele yo, yo ka resevwa eritaj ki la pou tout tan an, jan Bondye te pwomèt la. Tou sa, paske Kris la mouri. Avèk mouri li mouri a, li delivre tout moun anba chenn peche yo te fè sou premye kontra a. Zech 14:5..Senyè a, Bondye nou an, va vini, L'ap mennen tout moun pa L yo avè L. Lè sa a 400 anne san pawòl nan Bondye. Yo rejte Mesia pa yo-amagedon.

3. Lanmou Bondye pa gras nan lafwa nan Jezi Kris. .

A. Lanmou Bondye nan akonplisman tan lè Bondye te voye Pitit Li tankou Sovè nou: Galat 4:4 Men, lè lè a rive, Bondye te voye pwòp pitit Li. Li sòti nan vant yon fanm, Li viv anba lalwa jwif yo, V-5 pou L te ka delivre tout moun ki te anba lalwa pou n te kapab vin pitit Bondye Jenèz 3:15 Yon reprezantan desandans fanm lan ta pral delivre anba lanmò pou L te kraze plan Satan, tankou promès de yon Sovè.

Prensip 4. Nou kwè Le Segnè Jezi pran nesans nan Vyèj Mari pa operasyon Sentespri a. Jezi 100% Dye e 100% lòm. . Lik 1:30 Men, zanj lan di li:- Pa pè, Mari. Ou jwenn favè nan men Bondye. V-31 Ou pral vin ansent, ou va fè yon pitit gason. W’a rele L Jezi. V-32 L’ap vin yon grannèg, y’a rele Li Pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Mèt la, Bondye nou, va fè L wa tankou David, gran granpapa Li. V-33 L’a gouvènen pèp Izrayèl la pou tout tan, gouvènman L lan p’ap janm fini. V-35 Zanj lan di: - Sentespri a pral vin sou ou. Pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbray. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y‘a rele L Pitit Bondye.

B. Lanmou Bondye nan ap voye Pitit pa L Jezikri: . . Jan 3:16 Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm Li bay sèl Pitit Li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan Li p’ap pèdi lavi yo. Okontrè y’a gen lavi ki p’ap janm fini an. . Ebre 1:2 Men, nan dènye jou sa yo, se Pitit Li a menm Bondye te voye pale ak nou nan non Li. Se ak Pitit sa a Bondye te kreye tout bagay. Se Li menm tou Bondye chwazi pou eritye tout bagay lè sa va fini nèt. V-3 Pitit sa a reflete limyè bèl pouvwa Bondye a, se bon pòtre Bondye Li ye. Se Li menm k’ap soutni tout bagay ak pouvwa pawòl Li. Lè Li fin delivre moun anba peche yo, Li moute chita anwo nan syèl la, sou bò dwat Bondye, Gran Wa a. .

C. Lanmou Bondye pou preche Wayòm: Matye 4:17 Depi lè sa a, Jezi konmanse ap mache bay mesay Li a. Li t’ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li.Wayòm lan te rejte: Matye 23:37 Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm ki touye pwofèt yo, ou menm k’ap touye moun Bondye voye ba ou yo ak kout wòch, depi lontan M te vle sanble moun ou yo tankou manman poul k’ap sanble pitit li anba zèl li, men ou pat vle!

Prensip 5. Nou kwè le Segnè Jezi Kris te mouri pou peche nou selon la Bib kòm yon ranplasman reprezantab sakrifis e Li te resisite ankò pou jisifye nou. Tout moun ki kwè nan Li yo te jistifye pa san Li e yo sove pa gras, pa moyen la fwa se pa yon bagay nou te merite. Tout mouvman ki base sou esperyans ki pa sòti nan doktrin Jezi Kris la pa sòti nan Bondye. . Jan 1:29 ..Men ti mouton bondye a k'ap wete peche moun sou tout latè. . Filipyen 2:6 (Jezi Kris) Sa Bondye ye a, se sa L te toujou ye. Men, Li pat janm konsidere sa tankou yon avantaj pou L te chache kenbe ak tout fòs. V-7 Okontrè, se Li menm pou tèt pa L ki chwazi mete sa sou kote. Li te pito tounen yon domestik. Li pran fòm yon moun, Li vin tankou tout moun. V-8 Li rabese tèt Li. Tankou yon moun, Li soumet devan Bondye. Li obeyi Bondye jouk Li rive asepte mouri, wi jouk Li asepte mouri sou kwa a. V-9 Se poutèt sa, Bondye leve L mete chita kote ki pi wo a. Li ba Li yon non ki pi gran pase tout lòt non. V-10 Konsa, tou sa ki nan syèl la, tou sa ki sou tè a ak anba tè a, yo tout va mete jenou yo atè devan Jezi pa respè pou non Bondye te ba Li a. V-11 Tout moun va rekonèt Jezikri se Senyè a. Sa va sèvi yon lwanj pou Bondye Papa a. Women 5:8 Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan Li renmen nou anpil. Paske nou t’ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou. . 1 Kor 15:3 Bagay Mwen te moutre nou, se sa Mwen menm Mwen te resevwa. Se yo menm ki pi konsekan. Men yo:Kris te mouri pou peche nou, dapre sa ki ekri nan Liv la. V-4 Yo te antere L, Li te leve sòti vivan sou twa jou apre L te fin mouri, jan sa te ekri nan Liv la tou. 1 Kor 15:17 Si Kris la pa te leve sòti vivan nan lanmò, sa nou te kwè a pa ta vo anyen, paske nou ta toujou ap viv nan peche nou yo. V-20 Men, se pa konsa bagay la ye. Okontrè. Kris la te leve sòti vivan nan lanmò. Konsa Li bay garanti tout moun ki mouri gen pou leve vivan ankò. . Tra 1:10 Yo te gen je yo fikse nan syèl la kote Jezi t’ap moute a. V-11 Jezi sa a ki fenk sot nan mitan nou an pou moute nan syèl la, Li gen pou L tounen menm jan nou wè L moute nan syèl la. Tra 13:29 Lè yo fin fè tout bagay ki te ekri sou Li nan liv yo rive vre, yo desann Li sou kwa a, yo mete L nan yon kavo.V-30 Men, Bondye fè L leve sòti vivan nan lanmò.V-38-39 Frè m yo, nou fèt pou nou konn sa byen: Bondye voye Jezi fè nou konnen L’ap padonnen tout peche nou yo: tout moun ki mete konfyans yo nan Jezi, y’ap delivre anba tout peche lalwa Moyiz pat ka wete pou yo.

4. Lanmou Bondye nan relasyon avèk Legliz la:

DISPANSASYON C: GRAS . Galat 3:24 Konsa, lalwa te tankou yon moun ki la pou veye nou, jouk lè Kris la te gen pou vini pou n te ka kwè nan li pou Bondye te fè nou gras. V-25 Men kounyeya, lè a rive pou nou gen konfyans nan Kris la. Nou pa anba men moun ki t’ap veye nou an ankò. . Efezyen 1:7 Gremesi Kris ki mouri pou nou an, nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo. Bondye fè nou wè jan Li renmen nou anpil.Efez 2:8 Se paske Li renmen nou kifè Li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Li. Sa pa soti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou. V-9 Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pèsonn pa ka vante tèt yo . Women 6:14 Peche pa dwe donminen sou nou, paske nou pa anba pouvwa lalwa Moyiz la ankò, se anba favè Bondye a nou ye. . Women 3:22 Se lè moun mete konfyans yo nan Jezikri Bondye fè yo gras. Li fè L pou tout moun ki kwè nan Kris la, paske yo tout se menm.

A. LAPANNKÒT: SENTESPRI a vini nan nesans Legliz la: . Lik 24:49 Mwen menm, Ma pral voye ban nou sa Papa M te pwomèt la. Nou menm, rete lavil Jerizalèm jouk pouvwa k’ap sòti anwo nan syèl la va desann sou nou. . Travay 1:4..Pa kite lavil Jerizalèm. Rete tann sa Papa a te pwomèt la, kado mwen t'ap pale nou an.V-5 Jan te batize nou nan dlo, men nan kèk jou ankò, nou pral resevwa batèm nan Sentespri a. Tra 2:1 Lè jou Lapannkòt la rive, yo tout te reyini ansanm menm kote a. V-4 Yo tout te vin anba pouvwa Sentespri, epi yo pran pale lòt lang dapre jan Lespri Bondye a t’ap fè yo pale.V-6 ..Yo tout te sezi anpil paske yo t’ap tande moun yo pale nan lang peyi yo chak. V-38 Pyè reponn yo: - tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n’a resevwa Sentespri kado Bondye V-39 Paske pwomès la, Bondye fè l pou nou, pou pitit nou yo, pou tout moun ki byen lwen, pou tout moun Bondye, Mèt nou, va rele vin jwenn Li. V-41 Anpil ladan yo te kwè sa Pyè t’ap di a, yo te resevwa batèm. Jou sa a, te gen twamil (3,000) moun konsa ki te mete tèt yo ansanm ak disip yo. V-47 Yo t’ap fè lwanj Bondye. Tout moun te renmen yo. Chak jou Bondye t’ap mete lòt moun li t’ap delivre yo nan gwoup (legliz) la.

Prensip 6. Nou kwè Sentespri a se yon pèsòn diven: Tra 5:3 Lè sa a, Pyè di li: Ananyas, ki jan ou fè kite Satan antre nan kè ou pou l fè ou bay Sentespri manti, pou l fè ou kenbe enpe nan lajan tè a pou ou? V-4 ..Ki jan ou fè mete nan tèt ou pou fè yon bagay konsa? Se pa moun ou bay manti non. Se Bondye ou twonpe. . HIS WORK; Li konvenk nou de peche: Jan 16:8 Li menm, lè la vini, la moutre moun lemonn yo jan yo nan lerè sou kèsyon peche, sou kèsyon sa ki dwat devan Bondye, sou kèsyon jijman Bondye.V-9 Yo nan lerè sou kèsyon peche a, paske yo pa mete konfyans yo nan Mwen.V-10 Yo nan lerè sou kèsyon sa ki dwat devan, Bondye, paske Mwen pral jwenn Papa a, nou p’ap wè m ankò. V-11 Yo nan lerè sou kèsyon jijman Bondye a, paske chèf k’ap dominen lemonn lan fin jije dèja. . Li revele Kris: Jan 15:26 Moun ki gen pou ankouraje nou an ap vini, se Lespri k’ap moutre nou verite a, se nan Bondye Li soti. Papa a ap ban mwen L pou m voye ban nou, L’a pale nou sou Mwen.. Li konsolaè nou: Jan 14:17 Moun k’ap viv dapre prensip lemonn pa ka resevwa L, paske yo pa ka wè L, ni yo pa ka konnen Li. Men nou menm nou konnen L paske Li rete nan kè nou, paske Li nan nou. . . Li anseye nou verite a: Jan 14:26 Moun ki pou vin ankouraje nou an se Sentespri. Se Papa M k'ap voye L nan non Mwen. Sentespri sa a va moutre nou tout bagay, L'a fè nou chonje tou sa M te di nou. Jan 16:13 Men, Li menm Lespri k’ap moutre verite a, lè L’a vini, L’a mennen nou nan tout verite a. Paske Li p’ap pale pawòl pa Li. Men, tou sa L’a tande, se sa L’a di nou: L’a fè nou konnen bagay ki gen pou rive. V-14 Li pral fè yo wè pouvwa Mwen, paske L’a pran sa ki pou Mwen pou L fè nou konnen yo. . Li fòtifye kwayan yo nan la priye: Wom 8:27 Bondye menm ki konnen sa ki nan kè tout moun, Li konnen kisa Lespri Li a ap mande pou tout moun k’ap viv pou Bondye. . nan sèvis yo: Tra 4:31 Lè yo fin lapriyè, kote yo te ye a pran tranble. Yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo pran anonse pawòl Bondye a avèk konviksyon . nan adorasyon: Jan 4:

espri Li ye.Tout moun k’ap sèvi L,se pou yo sèvi L nan lespri yo jan sa dwe fèt la

B. Lanmou Bondye fokis sou Legliz la: Efez 3:6 Men sekrè a: Nan Jezikri, ak pouvwa bòn nouvèl la, moun ki pa jwif yo gen pou resevwa ansanm ak jwif yo pòsyon pa yo nan byen Bondye a. Yo se manm yon memn kò ansanm ak jwif yo, y’ap jwenn pa yo ansanm ak yo tou nan menm pwomès Bondye te fè a. V-10 Men kounyeya, avèk legliz la, tout chèf ak tout otorite ki nan syèl la pral rive konnen bon konprann Bondye a sou tout fòm li yo. V-21 Wi, tout lwanj lan pou Bondye nan legliz la ak nan Jezikri, pou tout tan ak pou tout tan. Amèn. Se sa menm!Kolosyen 1:27 Paske, Bondye vle fè moun pa l yo konnen tout richès ak tout bèl pouvwa ki nan sekrè Li te sere pou moun ki pa jwif yo. Men sekrè a: nou menm moun ki pa jwif yo, Kris la ap viv nan kè nou tou, Li ban nou espwa nou gen pou n patisipe nan bèl pouvwa Bondye a. Women 11:25 Frè m yo, mwen vle fè nou konnen sekrè sa a ki vre tout bon, konsa nou p’ap mete nan tèt nou nou gen pi bon konprann pase sa. Men sekrè a: Yon pati nan pèp Izrayèl la rive gen tèt di. Men, se pa pou tout tan. Se va pou jouk tan tout moun lòt nasyon yo va fin delivre.

C, Lanmou Bondye nan relasyon avèk Li: . Gal 4:5 pou L te ka delivre tout moun ki te anba lalwa pou n te kapab vin pitit Bondye. V-6 Pou fè nou wè nou se pitit Li tout bon, Bondye te voye Lespri Pitit Li a k'ap rele: Papa, nan kè nou. V-7 Konsa, ou pa esklav ankò, ou se yon pitit. Si ou se on pitit Bondye, Bondye va ba ou tout byen Li sere pou pitit Li yo. . Wom 8:16 Lespri Bondye a bay lespri pan ou an lasirans se pitit Bondye nou ye. . 1 Jan 3 :1 Gade ki jan Papa a renmen nou non! Li sitèlman renmen nou Li rele nou pitit Li. Epi se sa nou ye vre. Se poutèt sa lemonn pa konnen nou, paske li pa konnen Bondye. V-2 Mezanmi, kounyeya nou se pitit Bondye. Nou poko konnen egzakteman sa nou pral tounen. Men, nou konnen lè Kris la va parèt nou pral tounen tankou L, paske nou pral wè L jan L ye a. V-3 Tout moun ki gen espwa sa a nan kè yo ap kenbe kò yo pou yo pa fè sa ki mal, toukou Jezikri te kenbe kò L pou L pat fè sa ki mal. . Jan 17:3 Lavi ki p'ap janm fini an, se pou yo konnen Ou, Ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun Ou voye a: Jezikri. V-20 Se pa pou yo sèlman M'ap lapriyè, men pou tout moun ki va mete konfyans yo nan Mwen lè y'a tande mesay la. V-21 M'ap lapriyè pou yo tout fè yon sèl. Papa, se pou yo tout fè yonn ansanm ak Nou, menm jan Ou menm Ou nan Mwen, Mwen menm Mwen nan Ou. Se pou yo tout fè yon sèl pou moun ki nan lemonn yo ka kwè se Ou ki te voye Mwen. V-22 Mwen te ba yo menm pouvwa Ou te ban Mwen an, pou yo tout te ka fè yonn menm jan Ou fè yon sèl avè M tou: V-26 Mwen te fè yo konnen ki moun Ou ye. M’ap kontinye fè sa toujou, pou kalite renmen Ou gen pou Mwen an ka nan yo, pou Mwen menm Mwen ka nan yo tou.

D, Kòman ou rive genyon relasyon pafè avèk Bondye? . 1. Yon relasyon pèsonèl avèk Bondye kòmanse lè w aksepte Kris kòm Sovè ou. . Women 10:9 Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Senyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè L leve sòti vivan pami mò yo, w’a sove. V-13 Se sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki rele non Mèt la gen pou jwenn delivrans. . Trav 16:31 Yo re ponn li: Mete konfyans ou nan Senyè Jezi, epi w’a va delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou . Jan 1:12 Men, sa ki te resevwa L yo, sa ki te kwè nan Li yo, Li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye. V-13 Yo pat vin pitit Bondye jan sa fèt pami lèzòm sou latè, paske sa pat sòti nan egzijans lachè, ni nan volonte lèzòm. Se Bondye menm ki te papa yo. . Jan 10:28 Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an, Yo p'ap janm peri, pèsonn p'ap janm ka rache yo nan men mwen. V-29 Sa Papa M ban mwen an pi gran pase tout. Pèsonn pa ka rache anyen ki nan men Papa a. V-30 Mwen menm ak Papa M, nou fè yon sèl. . . Kol 1:13 Li rache nou anba pouvwa fènwa a, Li fè nou antre nan peyi kote Pitit Li renmen anpil la wa. V-14 Se gremesi Pitit sa a nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo. . . Prensip 7. Nou kwè tout moun ki resevwa le Segnè Jezi pa la fwa yo fèt yon dezyèm fwa nasans espirityèl pa Sentespri a e yo vin pitit Bondye. .

2. Nou resevwa Sentespri a : Jan 3:3 Jezi reponn li: Sa M’ap di ou la a, se vre wi: Pèsonn pa kapab wè Pèyi kote Bondye Wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa. . Tit 3:5 Li te delivre nou. Li pat delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske Li menm Li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè Li lave nou, Li voye pouvwa Sentespri Li nan nou pou chanje nou nèt, pou n te ka viv yon lòt jan. V-6 Bondye voye Sentespri Li sou nou an kantite, gremesi Jezi, Kris la, ki delivre nou. . 1 Pye 1:23 Gremesi pawòl Bondye a ki yon pawòl vivan epi ki la pou tout tan, nou resevwa yon lòt lavi. Fwa sa a, nou pa sòti nan yon jèm ki ka mouri, men nan yon jèm ki pa ka mouri. . Efez 1:13 Konsa tou, nou menm, moun lòt nasyon yo, apre nou te fin tande mesay laverite a, ki vle di bòn nouvèl k'ap fè nou konnen jan Bondye delivre nou an, nou te mete konfyans nou nan Kris la, n'ap viv ansanm nan Kris la tou. Bondye te make nou ak letanp Li tou, Li ban nou Sentespri Li te pwomèt la. V-14 Sentespri sa a, se yon avalwa Bondye ban nou sou eritaj Li te pwomèt Li t'ap bay pèp Li a. Sa ban nou garanti Bondye gen pou fin delivre moun pa L yo nèt. Se sa k fè, nou menm tou, moun lòt nasyon yo, n'ap sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a tou. 1Jan 4:13 Nou konnen nou fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak nou, paske Li ban nou Sentespri Li. . 2 Korent 3:18 Nou tout, nou pa kouvri figi nou. Nou tankou yon glas k’ap fè moun wè pouvwa Bondye a: konsa chak jou n’ap transfòme, pouvwa Li ap grandi nan nou, jouk tan n’a rive sanble nèt ak Senyè a. Sa se travay Senyè a. Lespri Bondye.

3. Nou swiv Kris nan batem idantifye avè lanmò, antèman, e rezireksyon Jezikri: Women 6:4 Se sa k fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè L, nou te mouri ansanm avè L tou. Men, menm jan Papa a te fè L leve sòti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa Li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi. Li se yon temwayaj reyalite konvèsyon nou e konfyans rezireksyon fiti. 4. Nou devni yon manb nan legliz la; se kò Kris pou fonksyone nan espri amoni: 1Kor 12:13 Se sa k fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwe nan yon sèl Lespri a. . 5. Nou se Legliz: nou se epouz Kris la: Efez 5:25 Nou menm mari yo, se pou nou renmen madanm nou menm jan Kris la te renmen legliz la, jouk Li te asepte mouri pou li. V-26 Li te fè sa pou Li te ka mete legliz la apa pou Bondye. Li lave legliz la nan dlo ak nan pawòl Li. V-27 Paske, Li te vle pou legliz la parèt devan L nan tout bèl pouvwa li, byen pwòp, san okenn defo.. Bondye te inisye mariaj e define li kòm relasyon akò ant yon nonm e yon fanm pèsonèlman e Bondye Li menm: Matye 19:4 Jezi reponn yo: - Eske nou pa li sa ki ekri nan Liv la? Nan konmansman, lè Bondye t’ap fè moun, Li te fè yo gason ak fi. V-5 Apre sa Li di: Se poutèt sa, gason an va kite papa l ak manman l pou l mete tèt li ansanm ak madanm li. Yo tou de va fè yon sèl kò. V-6 Konsa, yo pa de ankò men yo fè yon sèl kò. Se poutèt sa, pèsonn moun pa gendwa separe sa Bondye mete ansanm. . 6. Renmen Bondye; Renmen yon lòt: Matye 22:37 ..Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou. V-39 ..se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. . Jan 13:35 Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip Mwen nou ye. 7. Lè sa a Bondye vle nou grandi nan resanblans ak konesans Li: 2 Pyè 3:18 Okontrè, se pou nou grandi nan favè ak konesans Jezikri, Senyè nou ak Sovè nou. Se pou Li tout lwanj la, kounyeya ak pou tout tan. Amèn. Sentespri a gide nou: Bib la anseye verite.

E. Lanmou Bondye sou nou: Legliz la: Yon gwoup pèp nan relasyon dwat avèk Bondye. . .Kòman nou reponn a gran lanmou sa ap reyalite pozisyon nou nan plan Bondye?

Prensip 8. Nou kwè kòm moun sovè, Pitit Bondye nou te rele kòm yon pèp separe ki atache nan Kris pou nou mache e rejwi viktwa nou sou lemonn, sou la chè e sou satan le dyab. Women 12:1 Se sa k fè, frè m yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri tout kò nou ba Li tankou ofrann bèt yo mete apa pou Bondye, bèt yo ofri tou vivan epi k’ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon. V-2 Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè L’a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n’a ka konprann sa Bondye vle, n’a konnen sa ki byen, sa ki fè L plezi, sa ki bon nèt ale. . 2 Korent 6:17 Se poutèt sa, Bondye te di nou: Sòti nan mitan moun sa yo. Pa mele ak yo. Pa manyen anyen nou pa dwe manyen. Lè sa a, Mwen menm, M’a resevwa nou. V-18 M’a tankou yon Papa pou nou. Nou menm, n’a tankou pitit gason M ak pitit fi Mwen. Se Mèt ki gen tout pouvwa a ki di sa. Galat 2:20 Se sa k fè, se pa mwen k’ap viv ankò, se Kris la k’ap viv nan mwen: lavi m’ap mennen nan kò m kounyeya, m’ap viv Li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki te renmen m sitèlman Li te rive bay lavi L pou mwen.

F. Lanmou Bondye Mennen nou nan Viktwa nan Jezi Kris 1Korent 15:57 . 1. Viktwa sou lache: 1Pyè 2:22 Li pat janm fè okenn peche. Okenn manti pat janm sòti nan bouch Li..V-23; Galat 5:16 Se poutèt sa, men sa m’ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a. . 2. Viktwa sou dyab la: 1Jan 3:8 ..Pitit Bondye a paret toutespre pou kraze travay Satan an; Ebre 2:14 ..Konsa, lè Li mouri, Li detwi Satan ki te gen pouvwa pou touye moun; Jak 4:7 Se poutet sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou. . 1 Jan 4:4 ..paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo; 5:18 ..Paske, Pitit Bondye a ap veye sou li, Satan pa ka fè l anyen; . 3. Domine sou lemond: Jan 16:33..Nou gen pou n soufri anpil sou latè. Men, pran kouray, lemonn deja pèdi devan mwen; 1Jan 4:14 ..Papa a voye Pitit Li a pou delivre tout moun; 1 Jan 5:1 Tout moun ki rekonèt Jezi se Kris la, se pitit Bondye yo ye. Si ou renmen yon papa, se pou ou renmen Pitit Li tou. V-4 Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè genyen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye. V-5 Ki moun ki ka genyen batay la sou lemonn? Se sèlman moun ki kwè Jezi se Pitit Bondye a.

G. Lanmou Bondye nan Viktwa nan Kontra yo nan relasyon avèk Jezikri: . 1. Inosans: 2 Kor 5:21 Kris la pat janm fè okenn peche, men Bondye fè L pran sò nou sou Li, yo trete L tankou yon moun ki fè peche. Konsa, lè non fè yon sèl kò ak Kris la, Bondye fè nou gras.

2. Konsyans Tra 24:16 – Sentespri – Se konsa m'ap fè posib mwen pou m toujou kenbe konsyans mwen san repwòch devan Bondye ak devan moun.

3. Gouvènman Matye 22:37 Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou, V-39 Men dezyem kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou, V-40 De kòmandman sa yo, se yo ki fondasyon tou sa ki nan lalwa Moyiz la ak tou sa pwofèt yo te moutre.

4. Promes: Gal 3:29 Si ou se moun Kris la, enben ou se pitit pitit Abraram. Ou gen pou resevwa eritaj Bondye te promèt la.

5. Lalwa: Matye 5:17 Pa mete nan tèt nou Mwen vin aboli lalwa Moyiz la ak sa pwofèt yo te. moutre nou, Mwen pa vin pou aboli yo, Mwen vin moutre sa yo vle di tout bon.

6. Wayòm: 2 Pyè 1:11 Konsa, L'a ban nou dwa antre lib nan peyi kote Jezikri, Senyè nou ak Sovè nou an, ap gouvènen tankou wa pou tout tan an. V-12 Se poutèt sa, nou te mèt konnen bagay sa yo deja, nou te mèt kanpe fèm nan verite nou resevwa a, mwen p'ap janm manke fè nou chonje bagay sa yo. . 2 Tim 4:18 Senyè a va toujou delivre m nan tout move pa. L'ap konsèvve m pou m ka antre nan peyi kote Li wa nan syèl la. Se pou Li tout lwanj pou tout tan. Amen. . Jak 2:5 Frè mwen renmen anpil yo, tande sa byen: Bondye chwazi moun ki pòv sou latè pou yo ka rich nan konfyans nan Bondye, pou yo ka jwenn pòsyon pa yo nan peyi Li te pwomèt moun ki renmen L yo. Ebre 12:28 Peyi wa nou resevwa pou eritaj la pa ka brannen. Se pou nou di mesi pou sa. Ann fè wè nou pa bliye sa Li fè pou nou. Ann sèvi Bondye yon jan ki pou fè L plezi, avèk respè, avèk krentif.

7. Gras Rev 21:2 Apre sa, mwen wè lavil Bondye a, lòt Jerizalèm nèf lan, ki t'ap desann sòti bò kote Bondye ye nan syèl la. Li te byen abiye, li te pare tankou yon lamarye ki pral kontre fyanse li. V-3 Mwen tande yon vwa ki t'ap sòti bò fòtèy la, Li t'ap di byen fò: - Kounyeya, kay Bondye a se nan mitan moun l'ap ye. L'ap rete nan mitan yo, lèzòm ap yon pèp pou Li. Se Bondye menm k'ap viv avèk yo, Li va Bondye pou yo. V-7 Se sa moun ki va genyen batay la va resevwa nan men M. M'a va Bondye yo, y'a va pitit Mwen.

5. Lanmou Bondye nan Legliz la pou pote Levanjil la bay lemonn.

Prensip 9. Nou kwè se yon privilej e responsablite dè chak de nou pou nou pataje Bòn Nouvèl Sali an Jezi Kris jiska ke lemonn finn tande l.

A. Lanmou Bondye nan denye kòmand de Jezikri:

Matye 28:19 Ale fè disip pou Mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. V-20 Moutre yo pou yo obsève tou sa Mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: Mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba. . Mak:16:15 Epi Li di yo: Ale toupatou sou latè, anonse Bòn Nouvèl la bay tout moun. V-20 Disip yo pati, y’al anonse Bòn Nouvèl la toupatou. Senyè a t’ap travay ansanm ak yo: Anmenmtan Li t’ap fè anpil mirak tou pou moutre sa yo t’ap di a se vre. . . Lik 24:46 Li di yo: - Men sa ki te ekri: Kris la gen pou L soufri jouk Li mouri, men sou twa jou Li gen pou L sòti vivan nan lanmò. V-47 Y’a pran non L pou yo mache fè konnen mesay la nan tout peyi, konmanse lavil Jerizalèm, pou mande tout moun pou yo tounen vin jwenn Bondye pou yo ka resevwa padon peche yo. . Jan 17:18 Mwen voye yo nan lemonn lan menm jan ou te voye M nan lemonn lan. . Jan 20:21 Jezi di yo ankò: - Benediksyon Bondye sou nou tout! Menm jan Papa a te voye M lan, se konsa M’ap voye nou tou. . Travay 1:8 Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n’a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n’a sèvi M temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout late. .

B. Levanjil sa a se te angaje pou konfyans nou di lezòt: 1Tim 1:11; 2Tim 2:2 Sa ou te tande m di ou devan anpil temwen, se pou ou renmet yo bay lòt moun serye ou konnen ki ka moutre lòt moun yo tou; , 2 Korent 5:18 Tou sa sòti nan Bondye ki fè nou vin zanmi avè L ankò, gremesi Kris la. Se Li menm tou ki fè m konfyans, ki ban m travay sa a pou mennen lèzòm vini byan avè L ankò. V-19 Paske nan Kris la, Bondye t’ap fè tou sa Li te kapab pou fè moun vin byen avè L ankò. Li pat gade sou peche lèzòm te fè. Se Li menm ki mete mwen la pou fè lèzòm konnen ki jan L’ap fè yo byen avè L ankò. V-20 Se sa k fè mwen pale nan non Kris la menm ki te voye m, tankou si se Bondye menm k’ap pale nan bouch mwen pou di nou: tanpri, nan non Kris la, tounen vin byen ak Bondye ankò. V-21 Kris la pat janm fè okenn peche, men Bondye fè L pran sò nou sou Li, yo trete L tankou yon moun ki fè peche. Konsa, lè nou fè yon sèl kò ak Kris la, Bondye fè nou gra. . .

C. Lanmou Bondye nan kè nou pou nou ale pou Li: . Ti Jezi:Lik 2:49 ..Nou pat konnen fòk mwen okipe zafè papa mwen . . David: Sòm 40:8 Bondye mwen, mwen pran plezi m nan fè sa ou vle m fè..mwen pat manke pa di jan ou renmen nou; . Pòl: Filipyen 3:14 Konsa, m'ap kouri dwat devan m sou mak kote m prale a, pou m ka jwenn rekonpans bondye rele m vin resevwa nan syèl la,gremesi Jezikri; . 2 Korent 5:14 Paske, se kalite renmen Kris la gen pou nou an k’ap dirije m: mwen gen konviksyon sa a, si yon sèl moun te mouri pou tout lòt yo, sa vle di tout lòt yo mouri ansanm avè Li. V-15 Li mouri pou tout moun. Konsa, moun k’ap viv yo p’ap viv pou tèt pa yo ankò, men y’ap viv pou moun ki te mouri epi ki te leve sòti vivan nan lanmò pou yo a. V-17 Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya; Women 14:7 ..Paske si n'ap viv, n'ap viv pou Senyè a, V-8 si n'ap mouri, n'ap mouri pou Senyè a tou. Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Senyè a ye. . .

D. Lanmou Bondye nan Liv Koulè sa di Levanjil la: . 1. Paj lò a: Bondye renmen nou: Jan 3:16: L'ap prepare yon plas nan syèl la Jan 14:2-3. . 2. Paj nwa a: Chak moun se yon pechè e gen yon pri ki dwe peye .. 3. Paj wouj: Jezikri te mouri pou peye det pou peche nou: Women 5:8; Wom 6:23 Peche peye nou kach: li ban nou lanmò. Men kado Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Senyè nou an, yon lavi ki p'ap janm fini. . . . 4. Paj blanch: Ou ka mete lafwa nan Jezikri e mande Li pou sove ou: Women 10:9,13. . 5. Paj vèt la: Kòm pitit Bondye: Grandi: Adore Bondye ansanm tankou Legliz Li; Priye e konfese peche; Li e obeyi Bib la; Renmen Bondye e renmen lòt moun; Di lòt yo, yo kapab sove tou. Ou fè sa e ou grandi e viv pou fè Bondye plezi; Li ka beni w e lavi ou kap beni Li. . . .

.6. Lanmou Bondye nan Etènite Fiti: Wayòm Bondye Etènèl Li

Prensip 10. Nou kwè nan prezans Jezi Kris Senyè a kòm gran Prèt nou e Avoka e Li pral retounen vin etabli Wayom Li sou latè kòm Wa dè wa e Segnè dè segnè. . 1 Timote 6:14 Swiv kòmandman Mwen ba ou a, pa chanje anyen ladan l pou yo pa jwenn anyen pou repwoche ou lè Jezikri Senyè nou an va parèt. V-15 Lè lè a va rive, Bondye va fè nou wè L. Se Li menm ki sèl otorite, se pou Li sèl nou dwe fè lwanj. Li Wa tout wa, Li Chèf tout chèf.

7. Lanmou Bondye Chanje Lemonn

A. Difikilte nan lavi sa a pa bezwen kraze nou: Eza 40:31 Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kourisan yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli; . 2Kor 4:8 Mwen jwenn tout kalite difikilte. Men, mwen pa janm kwense nèt. Mwen konn rive nan sitirasyon mwen pa konn ni sa pou m fè, ni sa pou m di. Men, mwen pa janm pèdi espwa. V-17 Sa m'ap sibi kounyeya, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil; V-18 Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan. . 2Kor 12:9 ..Se favè m ase ou bezwen.. . Wom 8:18 Pou mwen, nou pa ka konpare sa n'ap soufri kounyeya ak bèl bagay Bondye pral fè nou wè yo.

B. Kenbe je nou sou Jezi: Matye 14:25 Douvan jou, Jezi pran mache sou dlo a pou l'al jwenn yo. V-27 ..Jezi di yo: - Pran tèt nou. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè. V-28 Lè sa a, Pyè di Li: -Mèt, si se ou menm vre, di m vin jwenn ou sou dlo a. V-29 Jezi di li: -Vini non. Pyè sòti nan kannòt la, li konmanse mache sou dlo a pou l'al jwenn Jezi. V-30 Men, lè Pyè wè jan van an fò, li pè. Lè sa a, li konmanse koule, li pran rele:-Mèt, sove m non! . Ebre 2:9 Okontrè lè nou gade Jezi, nou wè pou yon tan Bondye te mete L pi ba pase zanj yo, pou L te ka mouri pou tout moun, tankou yon favè Bondye t’ap fè yo. Kounyeya, poutèt lanmò Li te soufri a, Bondye ba Li tout lwanj ak tout respè ki pou yon wa; . Ebre 12:1..Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an. V-2 Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan Li konfyans nou sòti, se Li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè L soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske Li te toujou chonje apre L te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè L kontan. Kifè kounyeya Li chita sou bò dwat fòtèy Bondye a. . .

C. Viv jodi a nan limyè etènite a: 1 Jan 2:17 Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn laden l yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y’ap viv pou tout tan. . Tit 2:11 Bondye fè konnen favè L pou tout moun ka delivre. V-12 Favè Bondye a mande nou pou nou kite move lavi nou t'ap mennen an ansanm ak tout move lanvi ki nan lemonn, pou nou ka mennen yon lòt lavi ki kontwole, ki dwat, ki devwe pou Bondye pandan nou sou latè a. V-13 Se konsa Li moutre nou pou nou viv pandan n'ap tann benediksyon Li te pwomèt nou yo, lè bèl pouvwa Jezikri, Bondye nou ak Delivrans nou, va parèt V-14 Li te asepte mouri pou nou pou Li te ka delivre nou anba mechanste, pou Li te fè nou tounen yon pèp ki nan kondisyon pou sèvi Li, ki rele Li pa Li epi ki toujou pare pou fè sa ki byen. V-15 Se bagay sa yo pou ou moutre moun yo. Otorite yo ba ou a se pou ankouraje sa ki bezwen ankouraje, pou rale zòrèy sa ki bezwen gen zòrèy yo rale. Pa bay pèsonn okazyon meprize ou; . .Kolosyen 3:1 Nou menm ki deja leve sòti vivan ansanm ak Kris la nan lanmò, se pou nou chache bagay ki anwo nan syèl la kote Kris la chita sou bò dwat Bondye. V-3 Konnen sa byen: nou mouri deja, lavi nou kache ansanm ak Kris la nan Bondye. V-4 Se Kris la ki lavi nou tout bon. Lè la parèt, nou menm tou n’a parèt ansanm avè L nan tout bèl pouvwa Li. . 1 Pyè 1:21 Gremesi Kris la, nou gen konfyans nan Bondye ki te fè L leve sòti vivan nan lanmò, nan Bondye ki te ba L lwanj. Konsa, nou mete tout konfyans nou ak tout espwa nou nan Bondye.

D. Pataje lafwa w e fè yon diferans pou letènite: Jak 5:19 Frè m yo, si yonn nan nou pèdi chemen laverite a, epi yon lòt frè mennen l tounen ankò, V-20 konnen sa byen: lè yon moun pèdi chemen l poutèt peche li yo, si yon lòt mennen l tounen, se yon nanm li rache anba lanmò. Anmenmtan, li jwenn padon pou anpil peche; . Tra 26:17 ..Se mwen menm k'ap voye ou ba yo, V-18 pou ou kapab louvri je yo, pou fè yo sòti nan fenwa kote yo ye a vin nan limyè, pou wete yo anba pouvwa Satan vin jwenn Bondye. Konsa, lè y'a mete konfyans yo nan mwen, y'a resevwa padon pou tout peche yo, y'a jwenn plas yo nan mitan pèp k'ap viv apa pou Bondye a; Tra 20:20 Nou konnen mwen pa janm kache nou anyen ki ta ka sèvi nou, mwen te fè nou konnen tout bagay, mwen te moutre nou tout bagay, kit an piblik kit lakay nou. V-21 Mwen avèti tout moun, jwif kou moun lòt nasyon yo, pou yo chanje lavi yo, tounen vin jwenn Bondye, pou yo mete konfyans yo nan Senyè Jezi. V-24 Mwen pa pran lavi m pou anyen, li pa gen okenn valè pou mwen. Men, mwen vle ale jouk nan bout nan sèvis mwen,mwen vle fini nèt ak travay Senyè Jezi ban mwen an, pou m anonse bòn nouvèl favè Bondye fè nou an. V-28 Veye kò nou, veye sou tout bann mouton Sentespri a mete sou kont nou. Okipe legliz Bondye a, legliz li te achte ak pwòp san Pitit Li a. V-29 Mwen konnen tou, apre m fin ale, gen moun k'ap vin nan mitan nou pou kraze legliz la, tankou chen mawon nan yon bann mouton. V-30 Gen moun k'ap sòti nan mitan nou menm menm, k'ap kanpe pou bay manti, pou chache rale kèk disip dèyè yo. V-31 Se poutèt sa, mwen di nou: fè atansyon anpil. Toujou chonj ki jan, pandan twazan, lajounen kou lannwit, mwen pa janm sispann avèti nou tout, ak dlo nan je mwen. V-32 Kounyeya m'ap renmèt nou nan men Bondye avèk mesay favè Li a. Se Li menm ki ka fòtifye nou, ki ka ban nou tout bon bagay Li sere pou tout moun ki pote non Li. . Sòm 126:5 Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan. V-6 Moun ki t’ap kriye lè yo ta prale avèk grenn pou yo simen nan jaden yo, y’ap tounen ak bèl chante nan bouch yo sitèlman yo kontan lè y’ap pote rekòt la lakay yo. . 1Pyè 3:15 Sèl bagay, se pou nou rekonèt se Kris la ki Senyè a nan kè nou. Se pou n toujou pare pou n defann tèt nou chak fwa yon moun mande nou esplikasyon sou espwa nou gen nan kè nou an. V-16 Men, fè sa avèk douse ak tout respè.. . Trav 17:1 ..yo rive lavil Tesalonik.. V-3 ..li t'ap moutre yo ki jan, dapre sa ki te ekri a, Kris la te gen pou L soufri, Li te gen pou L te leve sòti vivan nan lanmò. Li t'ap di yo: -Jezi m'ap fè nou konnen an, se Li menm ki Kris la. V-6 ..Mesye sa yo ap mache fè dezòd toupa- tou. Men kounyeya yo rive jouk isit la; . 1Tes 1:3 Devan Bondye Papa nou, mwen toujou chonje jan n'ap viv byen paske nou gen konfyans nan Bondye, jan n'ap travay di paske nou gen renmen nan kè nou, jan nou rete fèm nan espwa nou gen nan Jezikri, Senyè nou an. V-4 Mwen konnen, frè m yo, Bondye renmen nou, se Li menm ki chwazi nou pou n ka vivpou Li. V-5 Se pat avèk pawòl ase mwen te anonse nou bòn nouvèl la. Men tou, se te avèk pouvwa Sentespri a, avèk lasirans fèm sa m t'ap di a se vre. Nou menm tou, nou konnen jan mwen te mennen tèt mwen nan mitan nou. Mwen te fè l pou byen nou.V-6 Nou te swiv egzanp mwen ak egzanp Senyè a. Nou te soufri anpil. Malgre sa, nou te resevwa pawòl Bondye a ak kè kontan. Sa se travay Sentespri.V-7 Se konsa, nou te tounen yon egzanp pou tout moun nan peyi Masedwán ak nan peyi Lakayi, men se toupatou moun ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye V-8 Konsa, nou fè anpil moun rive konnen mesay Senyè a. Se pa sèlman nan Masedwán ak nan Lakayi, men se toupatou moun ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye. Se sa ki fè, nou pa bezwen pale sou sa ankò. V-9 Okontrè, yo tout ap rakonte jan nou te resevwa m lè m te rive lakay nou, jan nou te kite zidòl yo pou n tounen vin jwenn Bondye, pou nou te ka sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an. V-10 Y’ap di tou jan n’ap tann Jezi, Pitit Bondye a, k’ap vini sot nan syèl la. Se Jezi sa a Bondye te leve vivan sòti nan lanmò. Se Li menm k’ap delivre nou anba kòlè Bondye k’ap vini an. 1 Tes 2:8 Mwen te sitèlman renmen nou, se pa Bòn Nouvèl la ase mwen ta ban nou. Ata vi m mwen ta bay pou nou. Nou wè jan m renmen nou! V-9 Nou chonje, frè m yo, jan m te travay, jan m te fatige kò m ap travay lajounen kou lannwit pou m pat sou kont nou yonn pandan tout tan mwen t’ap anonse nou Bòn Nouvèl Bondye a. V-10 Mwen pran nou sèvi m temwen ansanm ak Bondye: Nou menm ki gen konfyans nan Bondye, nou ka di mwen te aji byen ak nou, yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki dwat, ki san repwòch. V-11 Nou konnen ki jan mwen te aji ak nou chak, tankou yon papa ak pitit li yo. V-12 Mwen te ankouraje nou, mwen te konsole nou, mwen pat janm sispann fè nou konprann byen ki jan pou nou mennen tèt nou pou nou ka fè Bondye plezi, paske Bondye rele nou pou nou resevwa pa nou nan gouvènman L ak nan bèl pouvwa Li. V-13 Se konsa, mwen pa sispann di Bondye mèsi tou pou jan nou te pare zòrèy nou koute lè m t’ap fè nou konnen pawòl Bondye a. Nou te resevwa l pou sa l ye a: pou pawòl Bondye, pa pou pawòl lèzòm. Se pawòl sa a k’ap travay nan kè nou, nou menm ki gen konfyans nan Bondye. V-19 Se nou menm, moun Tesalonik, ki tout espwa mwen, se pa lòt moun. Se nou menm ki fè kè m kontan. Se nou menm k’ap ban m okazyon pou m vante tèt mwen devan Jezi, Senyè nou an, lè L’a vini. V-20 Se nou menm ki ban m satilfaksyon, se nou menm ki fè kè m kontan. 1 Tesalonisyon 3:12 Mwen mande Senyè a pou nou gen plis renmen yonn pou lòt ak pou tout moun, menm jan mwen renmen nou. V-13 Konsa, nou menm moun Tesalonik, Kris la va fòtifye kè nou pou nou ka san repwòch devan Bondye, Papa nou, tankou moun k’ap viv apa pou Li jouk lè Jezikri, Senyè nou an, va vini ansanm ak tout moun .

E. Trionfe nan Kris bay Levanjil la: 2 Korent 2:14 Ann di Bondye mèsi! Paske l'ap toujou mennen nou ansanm ak Kris la pou fete batay Li genyen an. Li pran nou, Li sèvi ak nou tankou yon odè k'ap gaye bon sant Li toupatou, pou n ka fè tout moun konnen Kris la. V-15 Nou tankou yon bon lansan Kris la ap boule pou Bondye. Sant Li rive nan nen tout moun, kit y'ap sove, kit y'ap peri. V-16 Pou moun k'ap peri yo, se yon sant lanmò k'ap touye yo. Men, pou moun k'ap sove yo, se yon sant lavi k'ap ba yo lavi. Ki moun ki kapab fè yon travay konsa? . F. Lèfini: Jenèz 6:5 Kè lòm yo se selman fè mechanste kontinyelman, men Gras a Bondye tout tan, san Jezikri se sèl espwa e remèd pou libere lòm de ansyen nati Adan avèk peche, kilpabilite ak rebelyon kont Bondye. Viv viktwa w nan Jezi kris pou tout letènite. .

A. ANLÈVMAN DE LEGLIZ: Nou kwè n’ap tann moman ke Segnè gen pou desann kite syèl la pou L vinn rankontre pèp Li a nan nwaj yo pou yo kapab avèk Li pou toutan. . Jan 14:2 Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete. Mwen pral pare plas pou nou. Si se pat vre, Mwen pa ta di nou sa. V-3 Lè M’a fin pare plas la pou nou, M’a tounen vin chache nou. Konsa, kote M’a ye a, se la n’a ye tou. . . 1 Tesalonisyen 4:13 Frè m yo, sou kèsyon moun ki mouri deja yo, mwen ta renmen nou konn verite a, pou nou pa gen lapenn tankou lòt moun yo ki pa gen espwa nan Senyè a. V-14 Menm jan nou kwè Jezi te mouri epi Li te leve sòti vivan ankò a, konsa tou, se pou n kwè tout moun ki te gen konfyans nan Li lè yo te mouri, Bondye va fè yo tounen ansanm ak Jezi. V-15 Dapre sa Senyè a te moutre m lan, men sa m’ap di nou: Nou menm k’ap vivan toujou lè Senyè a va vini an, nou p’ap pran devan moun ki mouri deja yo. V-16 Lè sa a, n’a tande yon gwo lòd pase, n’a tande vwa chèf zanj lan ansanm ak kout klewon Bondye a: epi Senyè a menm va desann sot nan syèl la. Moun ki te mete konfyans yo nan Kris la lè yo te mouri, se yo ki va leve sòti vivan an premye. V-17 Apre sa, nou menm ki va vivan toujou lè sa a, y’ap vin pran nou, nou menm ansanm ak moun ki sòti vivan nan lanmò yo, y’ap mete nou sou nyaj yo pou n al kontre Senyè a anwo a. Konsa, nou tout n’ap toujou ansanm ak Senyè a V18 Se pou nou yonn ankouraje lòt ak pawòl sa yo. . 1 Korent 15:51 M’ap devwale nou yon sekrè: Se pa nou tout k’ap gentan mouri. Men, nou tout nou gen pou n chanje fòm nan yon ti kadè, V-52 anvan nou bat je nou, lè dènye kout klewon an va kònen. Paske, lè klewon an va kònen, moun ki te mouri déjà yo va leve sòti vivan pou yo pa janm mouri ankò. Apre sa, nou tout nou va chanje fòm.

B. ETABLISMAN JIJMAN KRIS . Women 14:12 Se konsa, chak moun gen pou rann Bondye kont pou tèt pa yo. . 1 Korent 3:13 Men, se jou jijman an n’a wè ki kalite travay chak moun te bay. Se jou sa a ki va devwale kalite travay chak moun te fè. Paske jou sa a, se nan mitan dife l’ap parèt. Dife a pral sonde travay chak moun. L’ap fè wè kalite travay yo. V-14 Si dife a pa boule travay yon moun bati sou fondasyon an, moun sa a ap resevwa rekonpans li. V-15 Men tou, si dife a boule travay yon moun, moun sa a ap pèdi travay li. Men li menm, l’ap sove, tankou yon moun ki chape nan yon kay k’ap boule. 2 Korent 5:10 Paske, nou tout nou gen pou n konparèt devan Kris la pou li ka jije nou. Le sa a, chak moun va resevwa sa ki pou li dapre byen osinon dapre mal li te fè antan l te nan kò sa a.

C. RESÈPSYON MARYAJ TI MOUTON AN . Revelasyon 19:6 ..Lwanj pou Bondye! Paske Mèt la, Bondye Nou ki gen pouvwa a, ap govènen tankou yon wa. V-7 Ann fè kè nou kontan! Ann kontan anpil! Ann chante pou Li! Paske, lè a rive kounyeya pou fete maryaj ti Mouton an. Lamarye a pare. V-8 Yo ba l dwa abiye ak twal fen, byen klere, byen pwòp. (Twal fen an, se tout bagay pèp Bondye a te fè ki dwat devan Bondye.) V-9 Zanj lan di m: - Ou mèt ekri: Benediksyon pou tout moun ki envite nan resèpsyon maryaj ti Mouton an. Apre sa li di m: - Pawòl sa yo se pawòl Bondye tout bon.

DISPANSASYON D – TAN DE TRIBILASYON (Kretyen nan syèl la avèk Senyè a) Dan 9:24 Matye 24:7 Yon pèp pral leve goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen anpil grangou, va gen tranblemanntè divès kote.V-8 Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman. V-9 –Lè sa a, y’ap pran nou, y’ap lage nou nan men moun k’ap fè nou pase touman, y’ap touye nou. Moun tout nasyon pral rayi nou poutèt Mwen. V-14 Fòk yo gentan mache bay bòn nouvèl Peyi kote Bondye Wa a toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesay la. Se lè sa a atò lafen an va rive. V-21 Paske lè sa a, va gen yon gwo lafliksyon moun poko janm wè depi nan konmansman lè Bondye t’ap kreye latè a jouk jodi a. P’ap janm gen yon lòt tankou l ankò. V-22 Si yo pat wete kèk jou sou jou sa yo, pèsonn pa ta sove. Men, y’a wete sou jou sa yo poutèt moun Bondye chwazi yo; 2 Tes 2:3-4, 7-9.

DEZYÈM AP VINI KRIS L . Matye 16:27 Konprann sa byen, Moun Bondye voye nan lachè a gen pou L tounen ak zanj Li yo, nan tout bèl pouvwa Papa L la. Lè sa a, Li va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. . Matye 24:30 Lè sa a, n’a wè siy nan syèl la k’ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen. Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. Y’a wè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini anwo nyaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay. V-31 Gwo klewon an va sonnen, L’a voye zanj Li yo nan kat kwen latè pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout nan syèl la jouk nan lòt bout la. . . Revelasyon 1:5 benediksyon ak kè poze ki sòti nan Jezikri tou, Li menm ki te bay verite a jan L ye a, Li menm premye Pitit ki leve sòti vivan nan lanmò a, Li menm ki chèf tout wa ki sou latè. Kris la renmen nou, Li bay san Li lè Li mouri pou L te ka delivre nou anba peche nou yo. V-6 Li fè nou tounen wa ak prèt pou n sèvi Bondye Papa Li. Se pou Li tout lwanj ak tout otorite pou tout tan. Amèn. V-7 Gade. Men Kris la ap vini sou tèt nyaj yo! Tout moun pral wè L, menm moun ki te pèse L yo. Tout pèp sou latè pral kriye lè y’a wè Li. Wi, se konsa sa pral pase. Amèn Danyèl 7:13 Nan menm vizyon mwen t’ap fè lannwit lan, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Li t’ap vini sou tèt nyaj yo Nan syèl la. Li pwoche bò granmoun ki te la depi nan konmansman an. Yo prezante l ba li. V–14 Yo ba li baton kòmandan an, yo ba li pouvwa ak otorite pou tout pèp sou latè, pou tout peyi, pou moun tout ras ki pale tout lang sèvi li. L’ap kòmande pou tout tan. Gouvènman li p’ap janm fini; Zakari 14:4-5,9; 1 Tes 3:13; 2 Tes 1:7,10.

D. BATAY AMAGEDON . Zakari 14:1-3; Revelasyon 16:16 Lespri yo sanble tout wa yo yon kote yo rele nan lang ebre a: Amagedon. Revelasyon 19:11 Apre sa, mwen wè syèl la louvri, epi o! yon chwal blan parèt. Yo te rele moun ki sou li a: Nonm serye ki pa nan bay manti. L’ap jije, L’ap mennen batay la jan sa dwe fèt. V-13 Li te gen yon rad benyen nan san. Yo rele L pawòl Bondye. V-14 Lame ki nan syèl la t’ap swiv Li. Yo tout te moute sou chwal blan, yo te abiye ak bèl rad twal fen, byen klere, byen pwop. V-15 Yon nepe byen file t’ap sòti nan bouch kavalye a. Se ak nepe sa a Li t’ap frape nasyon yo. Li t’ap mennen yo ak yon baton fè. Li t’ap kraze rezen yo nan moulen diven gwo kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a. V-16 Sou rad Li ak sou janm Li yo te ekri non sa a: Wa tout wa yo, Chèf tout chèf yo. V-17 ..yon zanj..Li t’ap pale ak tout zwazo..Vini. Nou tout, sanble pou gwo manje resèpsyon Bondye a. V-19 Apre sa, mwen wè bèt la ansanm ak wa latè yo ak tout lame pa yo. Yo te sanble pou yo te ka goumen kont moun ki te moute sou chwal la ak tout lame pa l la 2 Tes 1:8-9; Sòm 2:1-4.

F. JIJMAN BÈT LA EPI FO PWOFÈT

Revelasyon 19:20 Yo fè bèt la prizonye ansanm ak fo pwofèt ki te fè anpil mirak devan l lan. Se avèk mirak sa yo li te rive twonpe moun ki te resevwa mak bèt la, ki t’ap adore estati l la. Yo jete bèt la ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife kote y’ap boule souf la. V-21 Nepe ki t’ap sòti nan bouch moun ki te moute sou chwal la te touye tout lòt yo. Tout zwazo yo te manje vyann plen vant yo.

E. JIJMAN NASYON YO . Matye 25:31 Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa Li ak tout zanj Li yo, L’a chita sou fòtèy Li ak tout bèl pouvwa Li. V-32 Tout nasyon ki sou latè va sanble devan Li. Lè sa a, L’a separe yo fè de gwoup, menm jan moun k’ap gade mouton mete mouton yon bò, kabrit yon bò. V-34 Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat Li yo, L’a di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa M, vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t’ap kreye lemonn lan. V-41 Apre sa, la pale avèk sa ki sou bò goch Li yo,la di: Wete kò nou sou mwen, nou menm ki gen madichon! Al nan dife ki p’ap janm mouri an, dife ki te pare pou dyab la ak zanj li yo. V-46 Apre sa, L’ap voye yo resevwa chatiman ki p’ap janm fini an. Men, pou moun ki te fè byen yo; y’ap antre nan lavi ki p’ap janm fini an.

G. SATAN LIMIT LI! SATAN PÈDI! . Revelasyon 20:1 Apre sa, mwen wè yon zanj desann sòti nan syèl la. Li te kenbe kle gwo twou san fon an nan men l ansanm ak yon gwo chenn. V-2 Li pran dragon an, sèpan ki la depi lontan an, sa yo rele dyab la, osinon Satan, li mete l nan chenn pou mil (1,000) an. V-3 Zanj lan voye l jete nan gwo twou san fon an, li fèmen twou a akle, epi li poze sele sou li. Konsa, dragon an p’ap kapab pran tèt nasyon yo toutotan mil (1,000) lanne pa fin pase. Apre sa, yo gen pou yo lage l ankò pou yon ti tan.

DISPANSASYON E – WAYOM REY DE JEZI KRI Fwa plen: Efez 1:10 . Revelasyon 20:4 Lè sa a, mwen wè yon bann fòtèy. Moun ki te chita sou fòtèy yo te resevwa pouvwa rann jijman. Anmenmtan an tou, mwen wè nanm moun yo te koupe tèt yo paske yo t’ap bay verite Jezi te fè nou konnen an ansanm ak pawòl Bondye a. Moun sa yo te refize adore ni bèt la, ni estati l la. Yo pat resevwa mak bèt la sou fwon yo ni sou men yo. Yo leve sòti vivan nan lanmò. Y’ap gouvènen avèk Kris la pandan mil (1.000) an. V-5 (Lòt mò yo pat leve sòti vivan nan lanmò toutotan mil (1,000) an pa pase.) Se sa yo rele premye leve vivan sòti nan lanmò a. V-6 Benediksyon pou moun k’ap patisipe nan premye leve vivan sòti nan lanmò sa a! Yo se moun Bondye vre. Dezyèm lanmò a p’ap gen pouvwa sou yo. Yo pral sèvi Bondye ak Kris la tankou prèt, Yo pral gouvènen avè L pandan mil (1,000) lanne.

WAYÒM FOKIS SOU IZRAYÈL . Ezayi 9:6 Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se Li menm ki pral chèf nou. Y’a rele L: Bon konseye k’ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k’ap bay kè poze a! V-7 Gouvènman Li p’ap gen finisman. Nan peyi L’ap gouvènen an se va kè poze san rete. L’ap chita sou fòtèy wa David la. L’ap gouvènen peyi wa David la. L’ap fè gouvènman an byen chita, L’ap ba Li bon pye paske L’ap fè sa ki dwat. Li p’ap nan patipri, depi kounyeya jouk sa kaba. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki sòti pou fè tou sa rive vre! Ezayi 2:1 Men mesay Bondye te bay Ezayi, pitit Amòz la, nan vizyon li te fè sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm: V-2 Yon tan gen pou rive! Lè sa a mòn kote Tanp lan ye a, va pi wo pase tout lòt mòn yo. L’ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun yo sòti nan tout peyi an kantite vin sou li. V-3 Anpil moun lot nasyon va mache vini. Y’a di: - Ann ale sou mòn Senyè a! Ann al nan Tanp Bondye pèp Izrayèl la! L’a moutre nou jan Li vle nou viv la. Konsa n’a mache nan chemen L’ap mete devan nou an. Paske, Senyè a rete sou mòn Siyon an, L’ap bay lòd Li. Li rete lavil Jerizalèm, L’ap pale ak pèp li a. V-4 L’ap regle tout kont nasyon yo gen yonn ak lòt. L’ap jije tout gwo peyi yo. Y’a pran mato, y’a fè zam yo tounen zouti pou travay tè. Y’a fè nepe yo tounen kouto digo. Nasyon yo p’ap fè lagè yonn ak lòt ankò. Yo p’ap janm aprann fè lagè ankò; 59:20; Sòm 2:6 Li di: - Se Mwen menm ki mete wa Mwen an sou mòn Siyon, mòn ki apa pou Mwen an. V-7 Wa a di: - M’ap fè nou konnen sa Senyè a deside. Li di mwen: Ou se pitit Mwen. Depi jòdi a se Mwen ki papa ou. V-8 Mande M, Ma ba ou tout nasyon yo pou eritay ou. M’a ba ou tout latè pou bitasyon ou. ; Ezayi 11:9-10; Ezek 39:25-29; Kontra David: 2 Sam 7:16.

H. DIFE DESANN SÒTI NAN SYÈL BÒ KOTE BONDYE . Revelasyon 20:7 Lè mil (1,000) lanne yo va fin pase, y’a lage Satan sòti nan prizon an, V-8 Lè sa a, l’a mache twonpe tout nasyon toupatou sou latè, Gòg ak Magòg. L’a sanble yo pou l ka mennen yo goumen. Y’ap anpil anpil, tankou grenn sab bò lanmè. V-9 Yo mache sou tout latè, yo sènen kote pèp Bondye a te ye a, lavil Bondye renmen an. Men, dife desann sòti nan syèl la, li disparèt yo. V-10 Lè sa a, yo pran Satan ki te alatèt yo, yo jete l nan lètan dife ak souf la, menm kote yo te deja jete bèt la ak fo pwofèt la. Yo pral soufri anpil, lajounen kou lannwit pou tout tan.

Prensip 10 (te kontinye): Nou kwè nan rezireksyon dè yon kò gloriye tout mò an Kris pral avèk Li pou toujou. Tout moun ki pa kwè yo pou jijman etenel nan soufrans e nan letan dife a.

I. JIJMAN TOUT MOUN KI T’AP FÈ SA KI MAL YO - JIJMAN GWO FÒTÈY BLAN Revelasyon 20:11 Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Syèl la ak tè a pran kouri devan L, yo disparèt nèt ale.V-12 Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la.Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo. V-13 Lanmè a renmèt tout moun mouri ki te nan fon li. Lanmò ak kote mò yo ye a renmèt tout mò ki te nan men yo.Yo jije tout mò sa yo dapre sa yo te fè.V-14 Apre sa, yo jete lanmò ansanm ak kote mò yo ye a nan letan dife a.(Letan dife sa a, se li menm ki dezyèm lanmò a.)V-15 Tout moun ki pat gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo jete yo nan letan dife a tou

SYÈL LA PRAL DISPARÈT NAN DIFE AK LATÈ BOULE; LÒT SYÈL AK TÈ PWOMÈT 2 Pyè 3:9 Senyè a pa pran twòp reta pou kenbe pwomès Li yo, jan kèk moun kwè a. Okontrè, se pasyans L’ap pran ak nou, paske Li pa ta renmen pèsonn peri, Li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn Li. V-10 Men, jou Senyè a ap vini sou nou tankou yon vòlò nan mitan lannwit. Lè sa a, syèl la pral disparèt ak yon gwo gwo bri. Tout bagay pral pran dife, y’ap fonn nèt. Latè ak dènye bagay ki ladan L va boule, y’ap tounen sann. V-11 Si tout bagay gen pou disparèt konsa, nou pa bezwen mande ki kalite moun nou dwe ye: Se pou nou sèvi Bondye, se pou nou viv pou Li ase. V-12 Konsa, pandan n’ap tann jou Bondye a, jou ki gen pou rive a, ann fè sa nou kapab pou nou fè l rive pi vit toujou. Jou sa a, syèl la pral disparèt nan gwo flanm dife. Tout bagay pral fonn nan dife. V-13 Men nou menm, n’ap tann lòt syèl ak lòt tè Bondye te pwomèt la, kote se bagay ki dwat devan Bondye ase k’ap fèt.

BI ETENÈL LA BONDYE Pi gran bi Bondye se pou glwa Li ranpli latè paske Bondye absoliman san peche e Li pafè nan sentete. Li ap chèche nan yon veritab sentete e yon pèfeksyon san peche. Pa gen pèsonn e anyen pi wo pou nou glorifye ke Li te revele nan tout bonte L, pwopte, sajes, verite. Bi etenèl Bondye se plan Li a ki se te rekonsilye lòm pou Li te rachte, jistify nou pa lafwa an Kris, pou vini nan presence Bondye tankou yon pèp sen, devwe, a greyab nèt pou Li menm Li sèl nan yon relasyon entim ki reflete imaj glwa Li: «yonn ansanm ak Nou» Jan 17:21 M’ap lapriyè pou yo tout fè yon sèl. Papa, se pou yo tout fè yonn ansanm ak Nou, menm jan Ou menm Ou nan Mwen, Mwen menm Mwen nan Ou. Se pou yo tout fè yon sèl pou moun ki nan lemonn yo ka kwè se Ou ki te voye Mwen.

DISPANSASYON F – LETÈNITE KAP VINI AN

Eritaj: 1Pye 1:3 Ann fè lwanj Bondye, Papa Jezikri, Senyè nou an. Paske, nan kè sansib Li, Li ban nou lavi ankò lè Li te fè Jezikri leve sòti vivan nan lanmò a. Sa fè nou viv ak anpil espwa. V-4 N’ap tann lè pou n resevwa eritaj Bondye a, eritaj ki p’ap janm pouri, ki p’ap janm sal, ni ki p’ap janm pèdi frechè l, eritaj Li sere pou nou nan syèl la. . Demere avèk Bondye: Revelasyon 21:1 Apre sa, mwen wè yon lòt syèl ak yon lòt latè. Premye syèl la ak premye latè a te disparèt. Pat gen okenn lanmè ankò. V-2 Apre sa, mwen wè lavil Bondye a, lòt Jerizalèm nèf lan, ki t’ap desann sòti bò kote Bondye ye nan syèl la. Li te byen abiye, Li te pare tankou yon lamarye ki pral kontre fyanse li. V-3 Mwen tande yon vwa ki t’ap sòti bò fòtèy la, Li t’ap di byen fò: - Kounyeya, kay Bondye a se nan mitan moun l’ap ye. L’ap rete nan mitan yo, lèzòm ap yon pèp pou Li. Se Bondye menm k’ap viv avèk yo, Li va Bondye pou yo. V-4 Li gen pou L cheche tout dlo nan je yo. P’ap gen lanmò ankò, yo p’ap nan lapenn ankò, yo p’ap janm plenyen ankò, yo p’ap janm soufri ankò. Tout vye bagay sa yo pral disparèt. V-5 Lè sa a, moun ki te chita sou fòtèy la di: - Kounyeya, mwen fè tout bagay vin nèf. Apre sa Li di mwen: - Ou mèt ekri sa, paske pawòl mwen se pawòl ki vre, pawòl tout moun dwe kwè. V-6 Apre sa Li di ankò: - Bon. Tout bagay fin fèt. Mwen se A ak Z, mwen se konmansman, mwen se finisman. Si yon moun swaf dlo, M’a ba li bwè dlo gratis nan sous dlo ki bay lavi a. V-7 Se sa moun ki va genyen batay la va resevwa nan men M. M’a va Bondye yo, y’a va pitit Mwen. V-22 Mwen pat wè tanp nan lavil la, paske Mèt la, Bondye ki gen tout pouvwa a, te tanp li ansanm ak ti Mouton an. V-23 Lavil la pat bezwen ni solèy, ni lalin pou klere l paske limyè prezans Bondye a te klere l nèt, ti Mouton an te tankou yon lanp pou li V-27; .

Revelasyon 22:1 Apre sa, zanj lan moutre m yon gwo larivyè dlo ki t’ap koule sòti anba fòtèy kote Bondye ak ti Mouton an te chita a. Se dlo sa a ki bay lavi. V-2 Li t’ap koule nan mitan granri lavil la. Sou de bò rivyè a, te gen pyebwa ki bay lavi a. Li donnen douz fwa nan lanne. Li donnen chak mwa. Se ak fèy li yo yo fè renmèd pou geri nasyon yo. V-3 P’ap gen anyen nan lavil la k’ap tonbe anba madichon Bondye. Fòtèy Bondye ak ti Mouton an va nan mitan lavil la. Tout sèvitè yo va adore li. V-4 Y’a parèt devan l. Y’a gen non l make sou fwon yo. V-12 Jezi di: - Koute, m’ap vin talè konsa. M’ap pote rekonpans m’ap bay la avè m, pou m bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. V-14 Benediksyon pou moun ki lave rad yo, pou yo sa gendwa manje fwi pyebwa ki bay lavi a, pou yo ka pase antre nan pòtay lavil la. V-17 Lespri Bondye a ansanm ak lamarye a di: - Vini non. Se pou tout moun ki tande sa di tou: - Vini non. Se pou tout moun ki swaf dlo vin bwè dlo. Se pou tout moun ki vle ti gout nan dlo ki bay lavi a vin resevwa l gratis. V-20 Moun ki garanti verite tout pawòl sa yo di: - Wi, m’ap vin talè konsa! Amèn. Vini non, Senyè Jezi!

Sen Jerizalèm ap vini kou epouz avèk pèp Bondye a atravè Kris, lamarye Ti Mouton an.

Kingdom Activities: Lavi nan Kominyon avèk Bondye Rev 22:4; Res Rev 14:13; Ap Grandi Rev 22:4; Sèvis Rev 22:3;Adorasyon Rev 19:1; Chante Rev 15:3; Gouvènen avèk Bondye Rev 22:5. Nou va viv ansanm avèk Li tankou zanj yo, nan relasyon tankou pitit Li yo toujou Lik 20:36 Yo pa ka mouri ankò, se tankou zanj Bondye yo ye, yo se pitit Bondye paske yo leve sòti vivan nan lanmò. v-38 Bondye se Bondye moun vivan Li ye, Li pa Bondye moun mouri, paske pou Li tout moun vivan.


We at www.APrayerNotebook.net are proud to provide this site for Mary.
Please consider giving your life a living sacrifice to missions: Volunteer for Missions

Mary Davis is a fitting illustration of this quote of John Falconer,
given by Dr. David Gibbs at the Spiritual Leadership Conference, June 2008,
at Lancaster Baptist Church, Lancaster, CA, home of West Coast Baptist College.
You may download the 3 hour service (last hour is Dr. Gibbs' message) on our server, Missions Conference 2008 LBC

Falconer-Quote-Mary-Davis-pics


Those interested past visitors will need to visit  Former Index. OR our Archives: Folder or Documents

Haiti Needs Christ NOW!